U.S. flag

An official website of the United States government

Dot gov

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Https

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Volunteers packing boxes with canned goods

Rete Angaje (Patisipe)

Fè Volontè ak Don

Antrene epi edike

Aprann kijan ou kapab ede kominote w la anvan, pandan ak apre yon katastwòf oswa yon ijans.

Fè Volontè ak Don

Pandan repons pou katastwòf, kominote ki afekte yo depann anpil sou òganizasyon benevòl  lokal ak nasyonal yo pou bay volontè yo fòmasyon ak pwovizyon ki nesesè anpil. Patisipe jodi a lè w fè yon don oswa lè w sèvi kòm volontè nan yon òganizasyon ki gen bon repitasyon.

Image
Volunteers packing boxes with water and canned goods.
  • Sonje byen, lajan kach pi bon. Pandan yon katastwòf, ou ka bay yon òganizasyon sekou ki rekonèt pou katastwòf. Kontribisyon finansye yo se metòd ki pi rapid, ki pi fleksib epi ki pi efikas pou fè don.
  • Volontè pou reponn a katastwòf yo epi ede kominote w la.
  • Rantre nan yon pwogram Ekip Repons Ijans Kominotè [Community Emergency Response Team (CERT)]  epi resevwa fòmasyon sou konpetans debaz pou repons katastwòf, tankou sekirite dife, rechèch ak sekou lejè, òganizasyon ekip, ak operasyon medikal nan ka katastwòf yo.

Antrene epi edike

Ou ta ka ede sove lavi anpil moun lè w pran aksyon senp pou prepare kominote w oswa òganizasyon w pou yon katastwòf anvan youn frape. FEMA ofri fòmasyon gratis ak zouti edikasyon pou fòme tèt ou ak lòt moun sou pi bon fason pou prepare, reponn ak rekipere apre yon katastwòf oswa yon ijans.

Image
An instructor demonstrating CPR on a dummy

Last Updated: 04/03/2025

Return to top